Nou sèvi ak kèk cookie sèlman, epi tout gen yon rezon teknik. Nou pa mete okenn cookie piblisite ni traking.
Dènye mizajou: 9 out 2026
Se yon ti fichye tèks navigatè w la kenbe. Li pèmèt sit la sonje kèk bagay ant de vizit — pa egzanp ki lang ou chwazi, oswa ke ou deja konekte.
| Non | Wòl | Dire |
|---|---|---|
| mk_at | Kenbe w konekte pandan w ap navige (jeton kout dire). | 15 minit |
| mk_rt | Renouvle sesyon w san w pa bezwen retape modpas ou. | 30 jou |
| mk_locale | Sonje si w chwazi Kreyòl, Franse oswa Anglè. | 1 an |
Cookie sa yo esansyèl: san mk_at ak mk_rt, ou pa ka rete konekte. Ou ka efase yo nenpòt lè nan paramèt navigatè w la — men w ap oblije rekonekte.
Nou pa sèvi ak Google Analytics, pixel Facebook, ni okenn zouti ki swiv ou sou lòt sit.
Chwa mòd klè / mòd fènwa a pa yon cookie: li rete nan localStorage navigatè w la epi li pa janm voye bay sèvè a.
Bilbi chat la sèvi ak Crisp. Li kenbe yon idantifyan sesyon nan navigatè w la pou konvèsasyon w pa pèdi lè w pase yon paj a yon lòt. Se pa yon zouti ki swiv ou sou lòt sit — li la sèlman pou w ka pale ak ekip la.
Ekri nou sou paj kontak la, oswa li politik konfidansyalite a.