Repons pou kesyon nou resevwa pi souvan yo. Si w pa jwenn sa w ap chèche, ekri nou.
Se volonte nou. Yon leson debloke lè w fin gade sa ki anvan an. Konsa yon sètifika Akademi MK vle di yon moun reyèlman swiv kou a — se sa ki bay li valè devan yon anplwayè.
Wi, otan fwa ou vle. Depi ou enskri nan yon kou, ou gen aksè a li nèt.
Wi. Chak segond ou gade anrejistre. Ou ka fèmen navigatè a epi rekòmanse egzakteman kote w te kanpe a, menm sou yon lòt aparèy.
Otomatikman, apre ou fin gade tout leson yo epi pase egzamen final la. Li parèt nan « Sètifika mwen yo » nan espas ou.
Chak sètifika gen yon kòd inik ak yon QR code. Nenpòt moun ka antre kòd la sou paj Verifye a epi wè si li otantik.
Wi, pou toutan. Yon sètifika ou touche se pou ou.
Ale sou paj « Modpas bliye » a epi mete imel ou. N ap voye w yon lyen pou chwazi yon nouvo modpas.
Jiska 3. Si w konekte sou yon katriyèm, aparèy ki pi ansyen an dekonekte otomatikman.
Nan espas ou, ale nan Pwofil. Ou ka chanje non, biyografi, telefòn ak objektif semèn ou.
Non. Ou dwe aplike anvan: ranpli fòm nan ak enfòmasyon w ak pyès idantite w. Yon administratè gade dosye a, epi se lè li apwouve w ou ka kreye kou.
Sa depann konbe dosye ki nan keu a. W ap resevwa yon notifikasyon otomatikman lè desizyon an pran.
70%. Nou pran 30% pou hosting, peman, sipò ak devlopman platfòm nan.
MonCash, NatCash, kat Visa ak Mastercard, ak PayPal. Konfigirasyon peman an ap fini — pandan tan sa a tout kou gratis yo louvri nèt.
Wi, pou toutan. Premium ajoute katalòg peyan an; li pa janm retire sa ki te gratis.